Avan pwojè nouvo konstitisyon Ayiti?

25 me ane sa a, nou resevwa yon  “Avan pwojè yon nouvo konstitisyon” pou peyi Ayiti Toma. Kèlkilanswa opinyon politik ou, sa pa ta sipoze pa fè w ni cho ni frèt pwiske n ap mete n dakò, tout lwa oswa pwojè lwa gen konsekans dirèk sou lavi n kòm sitwayen donk depi li la nou dwe koze sou li.


Opinyon nou pral li a p ap chèche konnen si pwojè a lejitim ou pa, (mwen pa sonje yo te konsilte pèp ayisyen avan sa, si wi: ki lè? Ki bò? Kòman yo te jwenn dizon nou sou sa) ni si l nesesè nan moman difisil n ap viv la. Sa k enterese m se kontni tèks la, sa m pa dakò ak sa m dakò kòm sitwayen. 


Sa m dakò:
•  Pwopozisyon atik 31, atik 32 ki tabli kantite manm yon pati dwe genyen pou l patisipe nan eleksyon ak sistèm parenaj pou sitwayen yo ka kandida:


Article 32-1 :
Les parrainages, au sens de l’application de l’article précédent, doivent venir :
1) Des élus ou anciens élus ;
2) Des membres dûment enregistrés des partis politiques ;
3) Des personnalités et anciennes personnalités du Gouvernement et des hautes fonctions de l’État ;
4) Des cadres de l’administration publique et du secteur privé ;
5) Des citoyens exerçant une profession libérale ;
6) Des enseignants et responsables d’établissements d’enseignement;
7) Des membres de la profession infirmière ; 
8) Des commerçants, des industriels et des travailleurs indépendants ayant une patente depuis trois ans ; 
9) Des responsables d’organisations de la société civile établies et enregistrées depuis au moins trois ans.


Mwen t ap pwopoze yon lòt an plis, lè n konsidere enpòtans ekonomi agrikòl la nan peyi nou:
10)   Des responsables d’organisations paysannes,  d’agriculteurs établies et enregistrées depuis au moins trois ans. 


•  Yon prezidan ak tout kabinè l: pou mwen se pi gwo pwen avan pwojè a gen ladan l, lè n ap sonje ki kalite mati, konpwomi, jiwèt, timounri kèk fwa pou yon prezidan chwazi yon PM:
article 123 : Le Président de la République est le Chef de l’État. Il est également le Chef du Gouvernement. 


Article 124 : Le Président de la République nomme les ministres et met fin à leurs fonctions. Il peut leur adjoindre des secrétaires d’État quand il le juge nécessaire. Il reçoit la démission individuelle ou collective des membres de son Gouvernement qu’il reconstitue par arrêté, en tout ou en partie. 


Article 124-1 : Il choisit, parmi les ministres titulaires d’un portefeuille ministériel, un Premier ministre qui l’assiste dans la coordination de l’action gouvernementale.  Ce Premier ministre bénéficie de la préséance dans l’ordre établi dans l’arrêté de nomination des membres du Gouvernement.
Rediksyon kantite senatè yo, 2 pa depatman: atik 76-1
Rediksyon majistra kominal yo:  Atik 66-1: 

kreyasyon asanble minisipal, asanble depatmantal: atik 66-3, atik 68-4, 68-5.
Etranje gen dwa pou yo pwopriyete teryen, mwen panse se yon bon bagay sa ye:  atik 59, 59-1, 59-2, 59-3, 59-4


Sa m pa dakò:

•  Pati ki pale de kolektivite teritoryal yo an patikilye sa k gen rapò ak komin yo: 

«Article 65-1 : Tous  les chefs-lieux de commune ainsi que toutes les sections communales à la date d’adoption de la présente Constitution sont désormais élevés au rang de communes.»
Definisyon ak fonksyonman komin yo jan yo ye a se konstitisyon 87 la ki fikse yo.   Komin yo divize an seksyon kominal, teknikman kèlkilanswa kote yon sitwayen abite anndan yon komin abite nan yon seksyon kominal. Pou n ka konprann pi byen vil la pa yon divizyon teritoryal, li plis yon fonksyon administratif, se seksyon kominal ki gen referans legal. Nan konstitisyon 87 la, komin yo pa gen chèflye, se depatman yo ak awondisman yo ki genyen. Nosyon chèflye kominal la nan pwopozisyon tèks la non sèlman yo pa defini l, di ki sa l ye, ni ki jan n ka rekonèt li kòm divizyon teritoryal ni yo pa bay okenn enfòmasyon legal, teknik sou delimitasyon li.
An n pran egzanp lakay mwen Senmak ki etann li sou plis pase 545 km², li gen 6 seksyon kominal:
•  1e seksyon Délugé : 58,91 km²
• 2e seksyon Bois-Neuf : 132,18 km
• 3e seksyon Goyavier : 46,63 km²
• 4e seksyon Lalouère (Hauts de Saint-Marc) : 96,40 km²
• 5e seksyon Bocozelle :180,36 km²
• 6e seksyon Charettes : 33,75 km²
Nan atik 65-1 an, yo elve tout seksyon kominal nan ran komin:
1) si n ap pran an kont jan teritwa a trase a, komin Senmak ap disparèt pou l kite plas ak 6 nouvo komin, oswa
2) si n ap konsidere kòm seksyon kominal kote ki vote CASEC yo, Senmak ap transfòme an 7 komin: komin Senmak, komin Delije, komin Bwanèf, komin Gwayavye, komin Lalwè, komin Bokozèl ak komin Charèt. 

Si n ap rete nan lide tèks la, Ayiti ap genyen 717 komin (571 seksyon kominal + 146 komin aktyèl yo) pou 41 anwondisman sou 10 depatman.
Leta pral blije gen 571 batiman pou nouvo meri yo; 717 majistra kominal, apeprè 7887 manm asanble minisipal: sou kont trezò piblik la. 


Pwopozisyon pa m: 

Depans leta a deja twòp e lè n sonje tou gen komin ki ektrèmeman vilnerab ekonomikman ki pa menm ka egziste pou kont kò yo san èd leta santral, li t ap pi bon pou n ta kite komin yo jan yo ye pandan n ap asire ranfòsman pouvwa majistra kominal yo pou yo jwenn plis mach de manèv ak mwayen pou jere e devlope zòn yo, sa ap plis benefik pou trezò piblik la.

•   Mwen pa dakò ditou ak lide yon depite pou chak awondisman an,

«Articlé 72: Chaque arrondissement constitue une circonscription électorale et élit
un (1) député. La loi fixe le nombre de députés au niveau des grandes agglomérations.»
Pwopozisyon pa m:
Pou demokrasi a fonksyone fòk  sitwayen komin yo  jwenn posiblite pou yo voye reprezantan yo nan palman peyi yo, chak komin sipoze gen depite pa yo: yon komin, yon depite. Ala long, yon depite pa awondisman ka kreye fristrasyon, santiman mete sou kote kay sitwayen nan komin yo sitou si gen youn nan awondisman an ki gen plis moun plis fòs ak mwayen politik donk plis chans pou ranpòte eleksyon depite yo a chak fwa. Pou mwen, sa k pi efikas la se chak komin, yon depite epi chak komin rete jan yo ye a entak ak tout seksyon kominal yo. Se pa rediksyon kantite depite a ki primòdyal men pito yon rasyonalizasyon depans piblik yo pou n tabli.
Si nan tèks la nou deja bese laj pou moun kandida a 21 lane, pou ki rezon o jis nou mete pati sa a:《La loi électorale encourage la candidature des jeunes et des femmes à la Chambre des Députés.》?

•  Youn nan bagay ki toujou fè sitwayen yo plenyen se pratik anpil politik nou yo, y ap dirije Ayiti men fanmi yo (madanm/mari, pitit) p ap viv nan peyi a. Yo p ap viv peyi a. Ayiti se jis yon espas travay pou yo ka pran swen fanmi yo ki p ap viv nan peyi a. Nan pwopozisyon tèks la, mwen remake yon espès validasyon fenomèn nan, «Article 76-3:  Le nombre de sénateurs représentant les Haïtiens vivant à l’étranger est fixé à deux (2). La loi détermine les circonscriptions et organise les conditions spéciales d’organisation des élections correspondantes.», si dyaspora/senatè a ki gen tout fanmi l nan peyi kote l ye a ka vin travay chak lendi pou l tounen al jwenn fanmi l chak vandredi, li toutafè nòmal pou lòt yo fè menm jan an tou, lè kon sa pwoblèm nan rete antye. Ayiti pa ka tounen espas travay tranzit.
Yon sitwayen, ni li ni fanmi l p ap viv nan yon peyi pa ka nan fè lwa pou peyi sa a.
Yon ayisyen ki tabli l nan yon peyi etranje pou Y ou Z rezon ka toujou enterese ak peyi l, si l vle vin patisipe nan vi politik Ayiti, se pou l rantre vin abite peyi a ak tout fanmi pase tan lalwa mande a epi patisipe nan eleksyon. Pa gen okenn nesesite pou dyaspora yo gen pwòp senatè yo. Lwa k ap fèt palman an de  tout fason y ap valab pou ni sitwayen isit, ni sitwayen laba. Dyaspora a pa ka yon sikonskripsyon dayè sa pa pratik. Konsila, anbasad, ministè ayisyen k ap viv nan peyi etranje ( ki pètinans ministè sa a menm?), enstitisyon sa yo la pou sèvi sitwayen ki nan dyaspora a, daprè mwen sa sifi.

Pwopozisyon pa m:
Ala limit, nou ka otorize dyaspora a vote pou prezidan peyi a sèlman. Nan ka li vle vote pou majistra, depite ak Senatè fòk li bay bon jan prèv li gen domisil e domisilye Ayiti tou, peye enpo ak taks nòmalman, nan ka kontrè l pa ladan l.



•   Ayiti nan lwa li yo se yon peyi layik, pwopozisyon nouvo konstitisyon an ale nan menm sans lan toujou nan Atik 15 ,  atik 27-1 poutan malgre sa, gen tantativ klè kou dlo kòk pou enpoze yon sistèm kwayans nan lwa nou yo: «Article 122 : Avant d’entrer en fonction, le Président de la République prête devant l’Assemblée Nationale le serment suivant : “Je jure, devant Dieu et devant la Nation, d’observer fidèlement la Constitution et les lois de la République, de respecter et de faire respecter les droits du peuple haïtien, de travailler à la grandeur de la Patrie, de maintenir l’indépendance nationale et l’intégrité du territoire.” »
Atik 122 a an kontradiksyon ak dwa sitwayen an genyen pou l gen libète konsyans, libète pou l gen relijyon ou pa. Enpoze yon eli pou l jire sou non dye, lwa oswa nenpòt lòt fòm transandans se vyole dwa l genyen pou l lib nan konsyans li.
Pwopozisyon pa m:
Leta dwe rete layik sou tout fòm.
Retire prezans dye oswa tout lòt sistèm kwayans ki bobo ak relijyon kòm obligasyon nan konstitisyon an, n ap li l kon sa, « Article 122: Avant d’entrer en fonction, le Président de la République prête devant l’Assemblée Nationale le serment suivant : “Je jure devant la Nation, d’observer fidèlement la Constitution et les lois de la République, de respecter et de faire respecter les droits du peuple haïtien, de travailler à la grandeur de la Patrie, de maintenir l’indépendance nationale et l’intégrité du territoire.”»

                                                                                        Max Junior Raymond, sitwayen ayisyen.




 

 

 

 


Discover more from Vant Bèf Info (VBI)

Subscribe to get the latest posts sent to your email.