Anseye ak aprann nan lang kreyòl pa otomatikman garanti yon edikasyon de kalite
Pa Aristilde Deslande
Lang timoun yo konprann pi byen a kapab fasilite aprantisaj, men li pa ranplase bon metòd ansèyman, bon kontni, fòmasyon pwofesè ni devlopman lespri kritik. Nan peyi Dayiti, deba sou lang ansèyman an pa dwe fè nou bliye kesyon fondamantal la: ki kalite konesans lekòl la ap ede timoun yo konstwi?

Nan deba sou edikasyon an Ayiti, gen yon lide ki merite plis atansyon: si lekòl la anseye nan lang kreyòl, kalite edikasyon an ap amelyore otomatikman. Lide sa a gen yon pati ki valab, men li pa kouvri tout pwoblèm nan. Yon timoun kapab konprann lang pwofesè a ap pale a san li pa devlope kapasite pou analize enfòmasyon, evalye prèv, rezoud pwoblèm oswa pwodui nouvo konesans.
Sa pa vle di kreyòl la se yon obstak pou aprantisaj. Okontrè, sèvi ak yon lang elèv yo konprann kapab ede yo patisipe nan klas, poze kesyon epi konprann konsèp yo. Men, lang ansèyman an se youn nan kondisyon ki kapab favorize bon jan edikasyon; men li pa garanti bon jan edikasyon poukont li.
Se yon nyans ki enpòtan anpil. Sinon, nou riske konfonn aksè ak konesans ak kalite konesans lan, menm jan nou ka konfonn kapasite pou repete yon leson ak kapasite pou reflechi sou sa leson an vle di.
Kreyòl nesesè, men li pa sifi
Nan yon atik syantifik ki parèt sou entènèt nan dat 1ye janvye 2026 nan jounal Language ki pibliye pa Cambridge University Press, lengwis Michel DeGraff ak Glenda S. Stump analize rapò ki genyen ant kreyòl, pedagoji ak teknoloji nan amelyorasyon edikasyon ann Ayiti. Nan travay sa a, ki pote tit Kreyòl, pedagogy, and technology for opening up quality education in Haiti: Changes in teachers’ metalinguistic attitudes as first steps in a paradigm shift, yo soutni lang lokal yo, ansanm ak pedagoji modèn ak teknoloji, se eleman ki nesesè, men ki pa sifi pou garanti aksè inivèsèl ak bon jan edikasyon. Se youn nan pwen santral rezónman yo a.
Konsta sa a ede nou depase yon opozisyon twò senp ant kreyòl ak franse. Kesyon an pa sèlman nan ki lang pwofesè a anseye, men tou nan fason li anseye, sa li anseye, zouti li genyen ak rezilta elèv yo rive pwodui.
Yon pwofesè ka esplike yon leson an kreyòl epi mande elèv yo repete definisyon yo mo pou mo. Li ka fè menm bagay la an fransè. Nan tou de ka yo, elèv yo kapab memorize enfòmasyon san yo pa vrèman konprann relasyon ki genyen ant konsèp yo. Yon lang elèv yo metrize pa transfòme otomatikman yon metòd ansèyman ki baze sou repetisyon an yon metòd ki devlope refleksyon.
Se poutèt sa, amelyore edikasyon an Ayiti mande plis pase chanje lang ansèyman an. Li mande pou nou egzamine kourikoulòm yo, fòmasyon pwofesè yo, materyèl pedagojik yo, fason yo evalye elèv yo ak kapasite lekòl la genyen pou l fè timoun yo aprann poukont yo.
Pale kreyòl pa vle di metrize tout nivo langaj yo
Yon lòt aspè ki merite atansyon se diferans ant pale yon lang nan lavi chak jou ak sèvi avè l pou konprann epi konstwi konesans nan yon kontèks akademik.
Yon moun kapab pale kreyòl depi li piti, men sa pa vle di li metrize tout nivo langaj yo. Li kapab gen difikilte pou konprann yon tèks syantifik, entèprete yon agiman konplèks, esplike yon fenomèn avèk presizyon oswa distenge yon opinyon ak yon konklizyon ki chita sou prèv.
Sa pa vle di kreyòl la pa kapab eksprime konsèp konplèks. Sa vle di moun ki sèvi ak yon lang bezwen devlope vokabilè, strikti diskou ak kapasite pou adapte langaj yo ak diferan sitiyasyon kominikasyon.
Ann pran yon egzanp sou dezenfòmasyon.
Nan yon konvèsasyon chak jou, yon moun ka di: « Gen moun k ap bay manti pou fè w kwè sa yo vle. »
Nan yon kontèks fòmèl, li kapab di: « Gen aktè ki itilize fo enfòmasyon pou enfliyanse opinyon piblik la. »
Nan yon analiz akademik, li kapab ekri: « Difizyon enfòmasyon ki twonpe moun kapab sèvi kòm yon estrateji enfliyans pou oryante pèsepsyon kolektif la ak desizyon yon popilasyon. »
Twa fraz sa yo transmèt lide ki gen rapò, men yo pa prezante l menm jan. Yo diferan nan vokabilè, nivo abstraksyon ak presizyon konsèptyèl. Egzanp sa a pa vle di dènye fraz la pi bon nan tout sikonstans. Yon bon kominikasyon mande pou moun nan adapte langaj li ak piblik li ak objektif li.
Se la lekòl la gen yon wòl enpòtan: li pa dwe sèlman pèmèt elèv yo pale lang yo. Li dwe ede yo li, ekri, entèprete, diskite ak konstwi rezónman nan lang sa a, nan diferan nivo konpleksite.
Si elèv yo konprann mo yo, men yo pa rive esplike lide ki dèyè mo yo, pwoblèm nan pa rezoud sèlman paske leson an fèt nan lang yo pale chak jou.
Eksperyans lòt peyi yo: lang lan pa sèl faktè a
Eksperyans lòt peyi yo montre li enpòtan pou nou evite konklizyon twò rapid sou lang ansèyman an.
Ozetazini, pa egzanp, gen timoun ki aprann anglè kòm dezyèm lang pandan y ap suiv pwogram lekòl yo. Sepandan, eksperyans sa a pa pwouve anseye timoun yo nan yon lang ki pa lang manman yo pi efikas. Li montre pito nesesite pou adapte ansèyman an ak bezwen lengwistik elèv yo epi ba yo sipò ki apwopriye.
Rapò Promoting the Educational Success of Children and Youth Learning English: Promising Futures, Akademi Nasyonal Syans, Jeni ak Medsin Ozetazini te pibliye an 2017, egzamine rechèch sou edikasyon timoun ak jèn k ap aprann anglè. Nan chapit 7 la, rapò a prezante rezilta etid ki konpare pwogram ansèyman an anglè sèlman ak pwogram bileng. Sentèz rechèch sa yo montre swa pa gen diferans nan kèk rezilta anglè yo mezire, swa elèv ki nan pwogram bileng yo fè pi byen pase sa ki nan pwogram anglè sèlman. Gen etid alontèm ki jwenn avantaj pou kèk apwòch bileng tou. Sa pa vle di tout pwogram bileng bay pi bon rezilta; sa montre rezilta yo depann de plizyè kondisyon, epi nou pa kapab jije kalite yon sistèm edikasyon dapre lang ansèyman an sèlman.
Nan Singapore, politik bileng lan mete anglè ansanm ak lang manman ki koresponn ak gwoup lengwistik ofisyèl yo. Egzanp sa a montre yon peyi kapab òganize aprantisaj alantou plizyè lang. Men, egzistans yon politik bileng pa sifi pou pwouve li se pi bon modèl pou tout peyi. Pou tire leson nan eksperyans sa a, nou ta bezwen egzamine rezilta elèv yo, fòmasyon pwofesè yo, resous lekòl yo ak kondisyon sosyal ki soutni sistèm nan.
Se menm prekosyon sa a ki dwe gide analiz sou Ayiti. Nou kapab etidye sa lòt peyi yo fè, men nou pa dwe kopye yon modèl san nou pa konsidere reyalite lengwistik, ekonomik, sosyal ak pedagojik pa nou.
Pi gwo defi a: devlope lespri kritik
Nan yon sosyete kote enfòmasyon ap sikile rapid, kote dezenfòmasyon ak manipilasyon kapab enfliyanse opinyon piblik la, lekòl la pa ka limite misyon li ak transmèt konesans. Li dwe prepare elèv yo pou yo egzamine sa yo tande, li sa yo jwenn epi evalye sa yo kwè.
Lespri kritik pa vle di kontredi tout moun ni rejte tout enfòmasyon. Li mande pou moun nan poze bon kesyon, egzamine sous yon enfòmasyon, verifye prèv yo, idantifye sipozisyon ki dèyè yon agiman epi rive nan yon konklizyon ki jistifye.
Nan kad travay li sou edikasyon nan medya ak enfòmasyon, UNESCO devlope yon kourikoulòm ki rele Citoyens éduqués aux médias et à l’information : penser de manière critique, cliquer à bon escient ! Dokiman sa a mete aksan sou konpetans ki ede moun evalye enfòmasyon, konprann fason medya yo fonksyone epi fè fas ak defi tankou dezenfòmasyon. Li bay yon referans itil pou reflechi sou konpetans lekòl yo ta dwe devlope lakay elèv yo, pi lwen pase kapasite pou repete sa yon pwofesè di.
Konpetans sa yo ka anseye an kreyòl, an franse oswa nan lòt lang. Sa ki enpòtan se kalite aktivite pedagojik yo pwopoze elèv yo.
Lè yon pwofesè mande yon elèv pou l aprann yon definisyon pa kè, li sitou teste kapasite elèv la pou sonje enfòmasyon. Men, lè li mande elèv la konpare de sous ki bay enfòmasyon kontradiktwa, idantifye prèv ki pi solid yo epi jistifye chwa li, li mete elèv la nan yon sitiyasyon ki mande analiz ak jijman.
Menm jan an tou, yon timoun ki aprann syans pa dwe sèlman memorize definisyon fotosentèz. Li ta dwe kapab poze kesyon, fè obsèvasyon, fòme yon ipotèz, teste l epi esplike sa rezilta yo montre. Se nan kalite eksperyans sa yo elèv la aprann sèvi ak konesans olye li sèlman repwodui l.
Kidonk, anseye an kreyòl pa garanti devlopman lespri kritik, menm jan anseye an fransè pa anpeche devlopman sa a. Se objektif pedagojik yo ak pratik nan klas la ki dwe pèmèt nou evalye sa elèv yo aprann toutbon.
San kreyativite, konesans lan ka rete nan liv la
Lespri kritik ak kreyativite gen rapò, men yo pa menm bagay. Lespri kritik ede elèv la egzamine yon pwoblèm, evalye solisyon ki egziste yo epi idantifye feblès yon agiman. Kreyativite ede l imajine lòt posiblite, pwopoze nouvo solisyon epi devlope lide ki pa t prezante devan li.
Yon sistèm edikatif ki mande elèv yo repete repons ki deja nan liv la kapab limite kapasite yo pou eksplore lòt solisyon. Okontrè, lè pwofesè a prezante yon pwoblèm epi mande elèv yo pwopoze plizyè fason pou rezoud li, konpare solisyon yo epi esplike rezon ki fè yo chwazi youn, li kreye yon espas kote konesans, refleksyon ak kreyativite travay ansanm.
Pa egzanp, olye pwofesè a sèlman mande elèv yo memorize konsekans debwazman, li kapab mande yo konsevwa yon ti pwojè pou limite ewozyon tè nan kominote yo. Elèv yo ta dwe idantifye pwoblèm nan, chèche enfòmasyon, pwopoze solisyon, teste lide yo epi prezante rezilta yo.
Aktivite sa a kapab fèt an kreyòl. Men, se pa lang lan poukont li ki fè aktivite a gen valè. Se fason pwofesè a òganize aprantisaj la, kesyon li poze yo, kalite resous elèv yo itilize ak nivo endepandans li pèmèt yo devlope.
Ki kalite edikasyon Ayiti bezwen?
Deba sou lang ansèyman an enpòtan, men li pa dwe kouvri lòt kesyon fondamantal yo. Èske elèv yo konprann sa y ap li? Èske yo kapab ekri yon agiman ki lojik? Èske yo konnen kijan pou verifye yon enfòmasyon? Èske yo kapab aplike yon konesans nan yon sitiyasyon yo poko rankontre? Èske yo jwenn aktivite ki ankouraje yo kreye, fè eksperyans epi aprann nan erè yo?
Kesyon sa yo mande plis pase deklarasyon sou lang ki dwe sèvi nan lekòl la. Yo mande evalyasyon serye sou sa elèv yo metrize toutbon, sou konpetans pwofesè yo ak sou kondisyon ki pèmèt ansèyman an bay rezilta.
Nan atik Michel DeGraff ak Glenda S. Stump la, lide ki parèt klè nan rezime rechèch la se nesesite pou mete lang lokal yo ansanm ak pedagoji modèn ak teknoloji. Se yon apwòch ki ale pi lwen pase chanjman lang lan poukont li. Men, pou konnen ki mezi ki bay pi bon rezilta nan lekòl ayisyen yo, fòk nou egzamine done sou aprantisaj, evalyasyon elèv ak pratik pedagojik yo, olye nou sipoze rezilta yo ap vini otomatikman.
Kreyòl la merite plas li nan edikasyon ayisyen an. Elèv yo dwe kapab sèvi avè l pou konprann syans, matematik, listwa ak lòt disiplin, epi devlope kapasite pou li, ekri, analize ak pwodui konesans. Men, menm angajman sa a mande pou nou refize konsidere lang lan kòm yon solisyon mirak.
Objektif la pa dwe sèlman fè timoun yo aprann nan lang yo konprann. Se fè yo konprann, reflechi, kesyone, kreye epi sèvi ak sa yo aprann pou yo aji avèk plis endepandans. Se sou baz sa a nou dwe evalye kalite edikasyon an, kèlkeswa lang lekòl la itilize.
Vant Bèf Info (VBI)
Discover more from Vant Bèf Info (VBI)
Subscribe to get the latest posts sent to your email.
