Ayiti : « Gen jefò ki fèt pou pwomosyon lang kreyòl la nan mond lan », daprè Monseyè Pierre André Pierre

Getting your Trinity Audio player ready...

Jounen entènasyonal lang ak kilti Kreyòl selebre jedi 28 oktòb la nan peyi DAyiti anba tèm: Lang kreyòl tout kote, san fòs kote ». Nan okazyon an, plizyè pèsonalite raple kreyòl la se idantite pèp ayisyen an. Konsa tou, yo ankouraje pwomosyon lang kreyòl la tout kote ki gen ayisyen nan mond lan.

Pòtoprens, 29 oktòb 2021.- Plizyè aktivite reyalize pandan mwa oktòb la, ki se mwa lang ak kilti kreyòl ayisyen an. Prezidan konsèy Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA), Pierre André Pierre, felisite epi remèsye « divès pèsonalite ak enstitisyon ki te pote kole pou reyalizasyon selebrasyon mwa lang kreyòl la, nan kozri, konferans ak echanj yo », pou nou site sa yo sèlman.

Daprè prezidan AKA a, « lang kreyòl la rive layite kò li aprè plizyè jefò ki fèt », pandan li soulinye rezistans ki genyen toujou nan kèk zòn.

Nan peyi DAyiti, tèm selebrasyon an se : « Lang kreyòl tout kote, san fòs kote », « se pou raple tout sektè yo, tankou lekòl, inivèsite, anbasad Ayiti, konsila ak lòt ankò, enplike nan pwomosyon lang kreyòl ayisyen an tout kote nan mond lan, epi kore devlòpman li », se deklasyon Monseyè Pierre André Pierre.

Yon lòt kote, Minis kilti ak kominikasyon an, Jean Emmanuel Jacquet, fè konnen, kloti selebrasyon mwa lang kreyòl ayisyen an fèt nan yon kontèks difisil. Men, li ankouraje sitwayèn ak sitwayen yo idanfye yo ak lang natal nou ki se kreyòl, epi kontinye bay lang ak kilte nou jarèt.

Fòk nou di, prezidan AKA fè konnen sitiyasyon sosyopolitik peyi a pa pèmèt AKA reyalize yon seremoni ofisyèl ane sa a.

28 oktòb 2021 an, make 38 lanne depi plizyè nasyon kreyolofòn ap reflechi sou lang kreyòl la, fè pwomosyon, epi jwenn pi bon fason pou valorize lang sa sou latè.

Vant Bèf Info (VBI)