Premye Minis Ariel HENRY rate 4 okazyon pandan diskou li yèswa (5 oktòb 2022):

Getting your Trinity Audio player ready...
  1. Ariel HENRY pa menm sonje salye efò foutbolè mobilite redui haytien yo k ap bay yon bèl prestasyon nan mondyal anpite yo k ap dewoule nan peyi Tiki(Se yon Premye Minis ki montre li pa gen okenn elegans). Se yon okazyon an ò Ariel HENRY rate lè li pa felisite foutbolè yo k ap byen pase la.
  2. Ariel HENRY desann kanson li lè li bliye retounen sou evènman ki pase sou fwontyè ak Repiblik Dominikèn kote Dominiken vyole teritwa nou(Newochirijyen an ta dwe di gouvènman ap travay pou bay yon repons diplomatik avan lontan parapò a zak sila). Men se domaj lè se kalite feneyan sa yo k ap dirije Hayti.
  3. Ariel ta dwe anonse swa gouvènman retounen sou desizyon monte pri gaz la oubyen li kanpe an bwa kale epi tou pwomèt apati de demen, Fòs lòd yo pral fè gaz la rive nan ponp yo…(Ou pa ka anonse gaz monte epi w pa menm ka fè popilasyon an jwenn gaz ou deside monte a). Sa se yon wont. Se yon prèv enpuisans. Si gaz la te disponib, peyi a t ap kòmanse rebalanse malgre mizè a t ap double. S on gouvènman san entèlijans ki pa menm ka ede tèt li.
  4. Ariel HENRY te dwe di klèman, Leta deja sipòte anplwaye Leta yo pou rantre lekòl la ane 2022 a epi deside sipòte paran ki pi fèb yo.

NB: Lè yon nonm Chèf, ou pa ka deside pale san w pa anonse – San w pa pran okenn desizyon… Yon chèf pa ka nan plenyen. Pèp ap mande sekou, Kominote entènasyonal ap mande gang sekou, pèp ap rele anmwe. Ofinal, sa k ap pase la?
Nan tout ka figi, Mesye Ariel HENRY pase akote plak la. Li voye deyò nèt…

IP

https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=pfbid0u15mSrBrqwkhsZdS23TY3XSbJYoRHG6PcTeutjSbTGUR396NKr3gW3WbrxotmoH4l&id=100001040695423&sfnsn=mo