Konpatriyòt vodwizan ede m konprann silvouplè

Getting your Trinity Audio player ready...

Pawòl la di fò w aprann pou w konnen, fò w konnen pou w konprann e fò w konprann pou w ka kritike. M poze kesyon sa yo paske m ap chèche aprann. M vle aprann pou m konnen. E m vle konnen pou m konprann. Lè m fin konprann, m ap gen tout abilite m pou m kritike. Kòm anpil moun panse ke Vodou ka sove peyi a epi anpil lòt panse ke se li k mete nou la, alò mwen m vle aprann. N a ede m nan repons nou a kesyon sa yo silvouplè konpatriyòt vodwizan.

Pouki mezi lajan w, mezi wonga w, èske lwa yo se kapitalis e se zafè biznis yo y ap regle? Pouki se al chèche pwen pou biznis mache olye de fè bon etid mache, pare bon plan dafè, fè bon strateji marketing, lwa yo pa twò danse kole ak lasyans? Pouki majorite moun nan pèp la k mouri se manje yo manje yo, lwa yo pa renmen moun yo vre?

Petyonvil, premye septanm 2024.- Pouki lwa yo bay bandi pwen pa pran bal? Pouki lwa danse nan tèt nèg ak nègès ki nan koripsyon, nan kraze peyi? Pouki nèg ki nan pouvwa toujou chèche foure kò yo pi fon nan vodou pandan yap vin pi malonèt e fini a peyi a? Pouki lwa pa tou kase kou yo? Bagay sa yo pa di lwa vodou yo anyen? Lwa yo, mistè yo, envizib yo, pouki yo manje nan lajan asasen ak kriminèl lè yap fè dans pou yo?

Tann mwen, sa lwa yo di menm sou koze rasis nan sosyete nou an menm? Mistè yo, lwa yo, envizib yo, yo pa konn koupe fache ak moun ki pa serye? Èske se moun k ap sèvi mistè yo ki pa fè sa yo mande e nan ka sa pouki yo pa mete prensip sou yo? Èske lwa yo, mistè yo, envizib yo pa nan goumen youn ak lòt? Èske se serye lwa yo serye konsa kifè yo pa janm bay pwen pou n chanpyon nan gwo konpetisyon entènasyonal?

Tankou la, lè yo ba w yon kout « ti voudra » se pa demounize lwa yo demounize w? Lè yon moun fè yon kout mistik pou l fè yon moun fè dè bagay kont volonte l se pa esklavaj sa rele? Sa k anpeche yon vodwizan pare kout pyès pou moun k ap fini a peyi a? Pouki koze zonbifikasyon an vodwizan yo pa ta ka fè l tounen zam nou fas a etranje k ap toufounen nou yo? Nou pa ta ko nan nivo pwisans nikleyè men o mwen nou patap an chankany.

M nan tenèb m ap bouske limyè. M pap chèche moun kont. M jis vle konprann. Nou pa ka gen kalte pisans sa nan men nou jan n di l la, pou n nan eta sa. M vle konprann mwen.

Deslande ARISTILDE
Vant Bèf Info (VBI)

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *