Ki moun ki touye prezidan Jovenel Moïse?

Getting your Trinity Audio player ready...

17 oktòb 1806, yo asasinen papa nasyon an, anperè Jan Jak Desalín. 15 janvye 1870, yo asasinen prezidan Sylvain Salnave. 8 out 1912, yo eksploze palè nasyonal la ak tout prezidan Cincinnatus Leconte. 28 jiyè 1915, yo touye prezidan Vilbrun Guillaume Sam. 7 jiyè 2021, yo touye prezidan Jovenel Moïse anndan chanm prive l lakay li. 5 chèf Leta yo asasinen pandan yo sou pouvwa. Jiska dat, lajistis nan peyi Dayiti poko janm ka di pèp ayisyen yon mo. Jiska dat, nou pa konn ki koukou k te touye lanperè.

Aprè asasina papa nasyon an, anperè Jan Jak Desalín, peyi a plonje nan yon gwo kriz. San menm chèche pèmèt lajistis fè limyè sou zak malonèt sa, premye repiblik nwa ki endepandan nan mond la pral divize an de. Jiska dat, se sèl ekspresyon « nou pa konn ki koukou k te touye lanperè » ki rete pou nasyon an sou dram sa. Yon fason pou moun di yo pa konn kiyès ki te komèt yon zak oubyen te fè yon aksyon. Lajistis peyi a pa janm rache yon mo sou koze sa.

Toujou gen yon pwonon endefini, yon « yo », lè n ap pale de asasen ki komèt zak malonèt sa yo. Yon « yo » ki senbolize neglijans, enjistis ak enpinite. Yon « yo » manipilatè pou fè n kwè nou tout koupab. Dayè nan lojik tripotay, pwonon « yo » a se baz tout agiman falasye kòm premis. « Yo » di sa. Ki « yo » ki di sa? Se kesyon ki fè sans la. Se pa « yo » touye prezidan Jovenel Moïse. « Yo » a jeneral. Se pito x oubyen y touye… E se lajistis ki gen pouvwa pou wete n nan jeneral e mete n fas a yon patikilye byen defini avèk presizyon.

Men de ki lajistis n ap pale? Lajistis defen prezidan Jovenel Moïse te di ak pwòp bouch li yo fèl nome 50 jij kowonpi a? Lajistis kote nèg ki fin kondane pou zafè koripsyon nan peyi a nan kad pwosè konsolidasyon an, menm nèg sa yo pral vin prezidan peyi a aprè sa? Lajistis k ap travay di sou dosye lajan PetroCaribe a? Oubyen èske se lajistis lòt peyi ki pral ba n yon kout men? Paske jiska dat, se lajistis peyi Lèzetazini k ap latchamimi kò l nan dosye lamò prezidan Jovenel la. Men de tout fason, se lajistis ki dwe pale.

5 chèf Leta asasinen, dosye zak sa yo pase menm jan a 5 senp sitwayen yo touye. Pawòl la di :  » lanmò yon moun se lanmò tout moun », èske asasinay yon prezidan pa asasinay tout prezidan? E kòm yon prezidan se premye sitwayen yon peyi, èske sa pa sanse vle di tou asasinay premye sitwayen yon peyi se asasinay tout sitwayen peyi a?

Ki moun ki touye papa nasyon an? Ki moun ki touye Sylvain Salnave? Ki moun ki touye Cincinnatus Leconte? Ki moun ki touye Vilbrun Guillaume Sam? Ki moun ki touye Jovenel Moïse? Ki moun ki touye kiyès? Nou bezwen reponn kesyon sa yo pou malfektè sispann sikile libe libè pami nou. Pou yo sispann alèz kon blèz. Nou bezwen mande tou: « Ki moun ki vle touye lajistis nan peyi a? »

Deslande ARISTILDE
Vant Bèf Info (VBI)