Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl : Platfóm Etidyan Leta ak KÒRÈK mete lang lan an valè nan Sant kiltirèl Pyepoudre

Nan kad selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl la, Platfòm Etidyan Leta, ansanm ak KÒRÈK te òganize yon gwo aktivite kiltirèl jou ki te madi 28 oktòb 2025 lan, nan Sant Kiltirèl Pyepoudre, sou Bourdon.

Se te yon espas refleksyon, echanj ak selebrasyon lang kreyòl la, ki se lang manman ak papa tout atisyen. Patisipan yo mete aksan sou enpòtans pwomosyon lang lan, istwa li, ak wòl li nan idantite pèp ayisyen an.
Anplis de sa, te gen konferans, ekspozisyon, powezi, mizik ak entèvansyon moun k ap mobilize pou fè valè lang lan.

Òganizatè yo mete aksan sou nesesite pou lang kreyòl la jwenn plis plas nan tout nivo nan sosyete a, tankou nan lekòl, inivèsite, administrasyon piblik ak medya. Yo reklame plis angajman otorite yo pou devlopman lang lan epi ankouraje tout sitwayen fè kreyòl tounen zouti prensipal kominikasyon ak chanjman sosyal.

« Nou se pèp kreyòl, nou dwe fyè de lang pa nou », se youn nan mesaj fò ki te domine jounen an.

Nerline Félix
Vant Bèf Info (VBI)


Discover more from Vant Bèf Info (VBI)

Subscribe to get the latest posts sent to your email.