Ayiti : Akademi Kreyòl Ayisyen selebre 11 lane epi resevwa nouvo manm

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) selebre onzyèm anivèsè fondasyon li jedi 4 desanm 2025 la , pandan yon seremoni ofisyèl ki te fèt nan otèl Ritz Kinam II, Petyonvil. Aktivite sa a te sèvi tou pou enstale sèt nouvo akademisyen ansanm ak twa lòt manm ki vin entegre Konsèy Konsiltatif enstitisyon an


Petyonvil, 7 desanm 2025

AKA te fonde 4 desanm 2014, li se enstitisyon ki gen misyon pou pwoteje, nòmalyze epi fè pwomosyon lang kreyòl ayisyen an. Pou ane sa a, kò akademik la vin elaji ak sèt nouvo akademisyen :

Jean Rony Beaucicaut

Maude Heurtelou

Nedet François

Lhérissaint Saint Jean

Dulcio Saul

Jhonny Laforest

Nelson Martineau

Anplis yo, twa lòt pèsonalite vin ranfòse Konsèy Konsiltatif la :

Mackendy Cevrin

Jean François Tardieu

Henri-Robert Durandisse

Daprè dirijan AKA yo, entegasyon nouvo manm sa yo montre detèminasyon enstitisyon an pou kontinye solidifye estrikti li epi avanse nan travay rechèch ak valorizasyon lang kreyòl la.

Nan diskou li, prezidan AKA a, Rosilia François Corneille, mete aksan sou enpòtans moman an pou enstitisyon an.

Onz lane apre seremoni kote premye 33 akademisyen yo te enstale, li fè konnen AKA tounen yon poto mitan nan batay pou kreyòl la jwenn tout plas li kòm yon lang ofisyèl ki merite respè nan lavi sosyal, kiltirèl, edikatif ak enstitisyonèl peyi a.

Prezidan an raple misyon fondamantal Akademi an : fè lang kreyòl la itilize kòrèkteman, respekte epi valorize nan tout sektè nan sosyete ayisyèn nan.

Jean Gilles Désinord
Vant Bèf Info (VBI)


Discover more from Vant Bèf Info (VBI)

Subscribe to get the latest posts sent to your email.