Danje sanitè ak anviwonmantal : abitan Delma 34 ap respire lodè kadav yap boule nan simityè a

Getting your Trinity Audio player ready...

Pratik boule kadav nan yon simityè nan Delma 34 lakoz abitan yo ekspoze a yon gwo danje anviwonmantal ak sanitè. Yon temwen ki kontakte redaksyon Vant Bèf Info fè konnen, se preske chak jou, plizyè endividi wete epi boule yon kadav ki fenk plase pou ranplase l ak yon lot kò san vi aprè yon fineray.

Mèkredi 7 dawout 2024.-
Se yon simityè prive ki tounen yon gwo deranjman pou moun nan zòn Delma 34 nan fason yo jere kadav yo, selon enfomasyon nou jwenn nan men yon abitan nan zòn nan ki deja fè yon kout pye Lameri Dèlma pou te remedye a yon sitiyasyon kote yo ap boule moun mouri syèl louvri.

Dapre enfòmasyon redaksyon Vant Bèf Info jwenn, simityè sa ka posede ant 20 ak 30 kav pou pi piti. « Sitiyasyon an vin konplike anpil akoz ensekirite a, kote anpil moun ki paka ale Gran Simityè nan Potòprens vin antere moun la, sa ki bay kòm rezilta, antèman 10 ak 15 mò omwen chak jou » se deklarasyon yon temwen nan zòn nan ki vle gade anonima. « Kòm yo pa gen kav pou mete yo, apre antèman yo nan demen, yo retire kadav yo pou yo pase solèy pou yo ka boule nan aswè » se sa temwen an rapousuiv nan deklarasyon li yo.

Sitiyasyon sa lakoz abitan nan zòn nan paka respire byen kote yo ap resevwa yon move lodè. Machann manje ak machann bwason prèske pa ka fè lavant parapò ak kondisyon popilasyon sa ki pè kò l fas ak danje sanitè yo ekspoze a.

Nan kad yon ankèt VBI rive mennen sou plizyè jou, plizyè sitwayen ak sitwayèn te reyini epi adrese yon lèt voye bay Majistra komin Dèlma ak Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an sou eta simityè a ap fonksyone. Lameri Dèlma te arive voye yon ekip sipèvize nan espas la epi fèmen l an apre. Men, endividi mal entansyone boule kadav pi rèd toujou.

Anpil kesyónman ap fèt sou jan simityè sa ap fonksyone yon fason anachik. Okenn dispozisyon veritab poko ka pran pou kwape zak sa yo ki riske touye moun kap viv nan katye sa tikras pa tikras.

Eske Leta pa ta dwe pran dosye simityè Dèlma 34 la oserye nan kad pwogram asenisman lap mete an plas yo?

Vant Bèf Info (VBI)