Mouri avan lè: desten malouk ti jèn kap antre nan gang

Getting your Trinity Audio player ready...

James, se te ka non li oswa Manno, osinon Tyson. Yon ti non jwèt li pran nan yon gwo fim. Yon non yo prete pou yon vi ki pa pou yo. Apèn 20 an konsa, li te gentan pote yon manch long, pi gwo, pi gran pase rèv li. Epi yon jou maten, yo fizyel, yon bal nan tèt. Se pa Lapolis, se pa yon gang rival ki poze aksyon sa a. Men se pito moun sa li te konn rele papa, chèf li, la ki voyel al jwenn Bawon.

An Ayiti, se pa anwo, nan zetwal, yo fè lekti desten yon sòlda ki nan gang. Non, li pase tankou pousyè tè. Gran destine pa egziste pou kategori sila. Chaje dout ak sipriz. Yon senp bagay sispèk ka voye li nan peyi san chapo : yon fanm bòs la gen je sou li, yon mo deplase, yon rega dwòl ka fè li jwenn lanmò l. Nanpwen tribinal. Nanpwen defans. Yon kout je pa konprann. Yon desizyon. Yon bal. Ala tris!

Sèn nan souvan filme eksprè. Fè san an koule vin tounen yon leson. Kadav la li menm, sèvi avètisman. Chèf la kanta li menm, pale nan kamera tankou pwòp jij, kote lap di lap trase egzanp, pou bon fonksyonman gang lan oswa pou gen yon kontwòl total kapital.

Dèyè vi sa ki ale a, lòt yo ap tranble, yo fè silans pandan yo konnen yo ka pwochen jibye chasè a. Yo santi lanmò a kap vini kri, yo toujou ap veye.

Pa gen kote pou di ou se Ewo nan gè sa a. Se timoun yo itilize byen bonè ki tonbe nan yon espiral, yon angrenay pouvwa tou kout, yon vyolans san sans, yon vyolans avèg
Pifò ladan yo grandi nan katye defavorize, san lekòl, san lwa, san avni. Yo chwazi yo oswa yo pran nan yon kou kote yo panse yo pral byen pase, men se lavi yo yal wete.

Jodiya yap tonbe anba bal brigadye, inite elit yo, esnaypè yo pa men wè oswa gang parèy yo ankò. Pafwa se anba yon dwon ki sot nan syèl ki vin mete yon bout nan lavi yo. Kelke fwa tou, se yon foul moun an kòlè ki vin dechaje fristrasyon epi voye ti sòlda sa ale nan yon michan « Bwa Kale ».

Epi, nan machin enfènal la, lanmò yo souvan pase inapèsi. Nanpwen sèkèy, nanpwen bon kout rèl, kout kriye sensè, menm non yo, yo konn pa konnen, yo kite kò yo tankou yon rad sal yo pa bezwen. Sèlman yon vye kò, yon kadav ki blayi nan pousyè a pou chen manje.

Nan tout sa ki pa di, oswa nan tout sa ki pale, gen yon verite kap pèsiste : desten yon sòlda gang trajik anpil, li inevitab, dat lanmò li siyen avan menm li vin sou bout tè a.

Wandy CHARLES
Vant Bef Info (VBI)

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *