Ministè Agrikilti dekouvri kèk ka ki sanble maladi Chabon nan vil Tigwav ak nan Sid peyi a

Getting your Trinity Audio player ready...

Ministè Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral (MARNDR), enfòme popilasyon an nan yon nòt pou laprès nan dat vandredi 9 dawout 2024 la, li dekouvri yon seri ka ki sanble anpil ak maladi chabon nan vil Tigwav, Sid ak Sidès peyi a. Nan sans sa, Ministè a mande pou tout moun fè atansyon ak bèt ki prezante sentòm yo.

Dimanch 11 dawout 2024.
Otorite yo fè dekouvèt sou kèk ka ki ta sanble tèt koupe ak maladi chabon nan vil Tigwav, an patikilye Sid ak Sidès peyi a. Maladi sa konsène bèf, kabrit, ak mouton.

Se yon maladi ki atrapan dapre nòt MARNDR mete deyò nan dat 9 dawout 2024 la. Ministè a fè konnen sentom yo se san kap soti nan nen bèt la, nan zòrèy li epi li ka mouri sibitman.

Se pa bèt yo sèlman ki trape maladi a, men moun ka trape l tou dapre sa nou kontinye li nan nòt la. Lakay moun, se bouton ki leve sou po a, epi moun nan ka mal respire epi fè move dijesyon.

Poutèt sa, Ministè a mande pou pa manje vyann bèt ki sispèk yo epi antere bèt ki mouri yo byen fon nan yon twou 6 pye fondè epi kouvri l ak lacho.

Came Stefada Poulard
Vant Bèf Info (VBI)