Kreyolofoni 2025 : FLA lanse yon Semèn Syantifik pou mete lang ak kilti kreyòl an valè

Fakilte Lengwistik Aplike (FLA), ki fè pati Inivèsite Leta Ayiti (ILA), lanse ofisyèlman Jodi madi a Semèn Syantifik Kreyolofoni 2025. Evènman an ap dewoule soti 21 rive 28 oktòb, sou tèm “Lang ak kilti kreyòl : potansyèl ak nouvo pèspektiv.”Plizyè pwofesè, etidyan, ak lòt patisipan te reponn prezan pou louvri semèn sa a, ki vize mete lang kreyòl la ak tout richès kiltirèl li yo sou pye.

Pòtoprens, 21 oktòb 2025

Nan diskou ouvèti li, Dwayen FLA a, Mesye Wilhem Michel, mete aksan sou plas san parèy lang kreyòl la nan lavi pèp ayisyen an.

“Lang kreyòl la se plis pase yon zouti kominikasyon. Se yon fason pou nou panse, pou nou viv. Se espas memwa kolektif nou,” se sa li deklare.

Li te profité raple , malgre anpil efò, lang lan kontinye ap lite pou jwenn plas li nan domèn tankou edikasyon, administrasyon ak rechèch. Li bay egzanp yon afich li te wè sou entènèt ki te di klèman : “Le créole est formellement interdit ici.” yon mesaj ki sanble boulvèse Dwayen an ki li menm ap fè pwomisyon pou lang kreyòl la jwen veritab wòl antanke lang tout ayisyen pale.

Pou li, se pa lang nan ki gen pwoblèm, men se sistèm sosyal ki kontinye mete baryè sou itilizasyon li. Li fè konnen gen nesesite pou plis rechèch ak piblikasyon pou mete an limyè kapasite lang lan pou eksprime tout kalite reyalite, menm sa ki pi konplike.

FLA : Yon aktè kle nan batay pou kreyòl la

Dwayen an mete aksan sou wòl enpòtan FLA jwe nan devlopman ak valorizasyon lang kreyòl la, atravè rechèch sou deskripsyon, planifikasyon ak standardizasyon li.

Li lanse yon apèl pou plis kolaborasyon ant lengwis, edikatè, ekriven, tradiktè ak tout lòt aktè sosyal pou kontinye batay la.

Lang lan kòm poto mitan kilti ayisyen

Dapre Dwayen Michel, lang kreyòl la se pa sèlman yon zouti lengwistik, li se poto mitan kilti ayisyen an. Li pote mizik, istwa oral, kreyativite, ak espiralis rezistans pèp la.

Li ankouraje tout patisipan yo sèvi ak semèn sa a kòm yon okazyon pou pataje konesans, eksprime lide, epi bati ansanm yon vizyon pou yon Ayiti ki chita sou baz pwòp kilti li.

Nan fen diskou li, Dwayen an remèsye tout moun ki kontribye nan òganizasyon Semèn Syantifik la, tankou:

Vis Dwayen Akademik la, Jean Whig Noël

Vis Dwayen Rechèch la, Dr. Martineau Nelson

Dr. Bonel Oxine

Pwofesè Louinès Volny

Pwofesè Kensley Brutus

M. Serge Auguste

Sekretè jeneral FLA a, M. Daniel Prophète

Yon semèn lespwa ak angajman

Semèn Kreyolofoni 2025 ap chaje ak konferans, atelye, ekspozisyon, ak aktivite kiltirèl ki tout gen pou objektif mete lang kreyòl la ak kilti li yo an valè.

“Defann kreyòl la, se defann diyite pèp ayisyen. Se bati avni sou fondasyon ki sòti nan rasin pa nou,” se pawòl ki te make fen diskou Dwayen an.

Jean Gilles Désinord
Vant Bèf Info (VBI)


Discover more from Vant Bèf Info (VBI)

Subscribe to get the latest posts sent to your email.